PLAS PA W LA AP TANN OU KAY MANMAN!

An nou kolabore pou peyi a ka vin miyò!
An nou kolabore pou peyi a ka vin miyò!
MANMAN se yon pati politik inik ki planifye kontribiye lajman nan bon gouvènans peyi a.
MANMAN konplètman angaje nan fè pwomosyon fyète nasyonal, e anplis de sa, MANMAN ap travay sou pliziè pwojèt pou l retabli lapè ak sekirite nan tout peyi a.
Objektif Pati Politik MANMAN se reyalize anpil gwo pwojè dirab pou amelyore kondisyon d vi pèp ayisyen an e pou mete Ayiti sou chemen devlopman an.
Pou rive fè wonble sa, MANMAN mete kanpe yon rezo enpòtan pou jwenn kolaborasyon anpil konpatriyòt ayisyen , ki aksepte pozitivman pou bay konesans yo san diskriminasyon, fanm kou gason, kèlkeswa klas sosyal, nivo edikasyon, ak kwayans espirityèl oswa relijyon yo.
Pati Politik MANMAN konte sou lajenès peyi a. Se pousa li ankadre jèn yo pou yo ka pran la relèv.
Ideyoloji MANMAN an konpatib ak sa pèp la bezwen pou l viv alèz lakay li nan la diyite san kè sote.
Pati Politik MANMAN gen yon istwa trè enteresan ki kòmanse depi byen lontan...
Komite sila konpose esansyèlman de Prezidan pati a, yon Vis-Prezidan, yon Sekreté Jeneral, plizyè Konseye ki la pou analyze tout sijè enpòtan ki konsène pati a avan Prezidan an pran yon desizyon final ki baze sou rekòmandasyon konseye yo fè aprè yon vòt majoritè.
Anplis, gen yon gwoup administatif ki ap ede Ekzekitif la jere pati a pou li ka fonksyone ak transparans.
MMAMAN gen reprezantan tou patou an Ayiti ak a letranje. Pi fò nan reprezantan yo se Koòdonatè pati a ou byen se manm ki nan ekip yonn nan Koòdonatè yo.
Koòdonatè nasyonal la travay ansanm ak tout koòdinasyon pati an epi li fasilite kominikasyon ant manm yo ak konsey ekzekitif la.
MANMAN vle monte yon komite ki pwal jere fòmasyon manm ak koòdonatè li yo pou yo ka aprann ansanm kisa pati a atann de yo epi ki obligasyon yon pati politik genyen envè la sosyete.
MANMAN gen reprezantan nan tout rakwen peyi a (Depatman, Komin ak seksyon kominal) e li genyen anpil reprezantan nan diaspora a tou.
Reprezantan MANMAN yo konpetan, byen fòme, onèt, e patriotik. Anplis de sa, yo gen anpil disiplin et yo detèmine pou yo leve ezkanp figi peyi a.
Kelkeswa kote yo ye, kandida MANMAN yo toujou travay san pwan souf pou yo amelyore kondisyon sosyoekonomik kominote yo reprezante an paske yo fé pati de koninote a e yo konprann li.
Kandida MANMAN ki pwal reprezante w la konnen enpòtans wòl li ak obligasyon l anvè sosyete a, e li ta renmen w ede l defann enterè peyi a an kòmansan pa kominote kote wap viv la.
Kandida w ta renmen reprezante w la pa ka genyen kous la si w pa kore l.
Pou w ede kandida w la, ou ka pase flayè pou w fé piblisite pou li, ou ka kòmanse pale de MANMAN nan sèk zanmi w ou byen nan kominote wap viv la, e ou ka fè yon don nan pati politik la pou w finanse l.
Don pa w lan se yon opòtinite pou w patisipe nan yon gwo pwojè ki pwal leve eskanp figi peyi d'Ayiti.
Pa pèdi tan, bay kontribisyon paw la.
Byen vini nan Pati Politik MANMAN
77 Grand'rue, Léogâne Haïti
Tel: 509 44 30 8285
Powered by GoDaddy Website Builder